Information on this page is for customers in 

{{ town-name }}

Inisyativ Elektrisite Hyde Park rive nan Dorchester

Poukisa n ap fè Pwojè sa a?

Gen yon bezwen ijan pou devlope enfrastrikti elektrik nan Boston pou pèmèt livrezon kouran pwòp epi pou reponn ak objektif elektrifikasyon yo.

Pwojè sa a fèt entansyonèlman pou:

  • Angaje kominote Gran Boston an nan konvèsasyon ki solid e ki konstriktif pou ede sèvi gid nan priz desizyon pou yon soustasyon adisyonèl ki nesesè avèk kapasite transmisyon ki amelyore
  • Asire ke nou ka satisfè demann enèjetik vil la ki pa sispann ogmante amezi ke vil la ap elektrifye ak dekabonize, ak pou kreye yon enèji alavni ki pi rezistan, efikas ak dirab pou kliyan nou yo nan yon fason ki ekitab.

Ou kapab jwenn plis enfòmasyon konsènan sèten ekspresyon ou gendwa tande ak tèminoloji elektrik nou an.

Rezo Elektrik 101: Kijan Sistèm Transmisyon Elektrik Eversource la Distribye Enèji Lakay Ou

Ki Kote Travay Sa a Ap Fèt ?

Katye Dorchester, Roslindale, Mattapan ak Hyde Park fè pati premye katye nan Boston ki te planifye pou resevwa mizajou enpòtan sa yo nan sistèm yo.

Soustasyon k ap sèvi katye sa yo te atenn kapasite elektrik maksimòm yo. Pou kenbe kadans lan ak demann elektrik nan zòn sa a, li nesesè pou gen nouvo enfrastrikti.

Kalandriye

  • Desanm 2023 – Konfimasyon anplasman Sistèm estokaj kouran nan pil/batri an.
  • Mas 2024 – Desizyon sou anplasman sit la pou nouvo sou-estasyon an.
Enskri nan lis difizyon imèl la pou jwenn mizajou regilye

Angajman kominotè

Nou angaje nou pou enplike rezidan yo, gwoup kominotè yo, antrepriz yo, fonksyonè minisipal yo ak lòt pati prenan yo pou revize bezwen elektrik yo pou katye sa yo, diskite sou yon pwochen Sistèm Estokaj Enèji nan Batri (BESS), ak seleksyone youn nan de lokalizasyon posib yo pou pwochen soustasyon ki nesesè a. 

A community meeting.

Gwoup konsiltatif kominotè 

Nou te etabli gwoup konsiltatif kominotè kle pou entegre kominote n ap sèvi yo. N ap envite gwoup sa yo pou yo aprann sou rezo elektrik la ak bezwen enèjetik Boston yo, pou yo revize mizajou enfrastrikti ki esansyèl yo, epi fè rekòmandasyon konsènan seleksyon sit la, yon pake avantaj kominotè ak deplwaman pwojè.

Objektif

Nou te etabli gwoup konsiltatif kominotè miltikiltirèl ak militileng ak objektif pou

  • Fè konsyantizasyon kominotè: Pou kenbe rezidan yo enfòme sou pwochen mizajou enfrastrikti ki pral afekte kominote nou an.
  • Patisipasyon enklizif: Pou nou tande vwa rezidan yo, pwopriyetè antrepriz yo ak lidè kominotè yo paske opinyon w enpòtan nan fasonnen anvi enfrastrikti nou pataje a.
  • Transparans ak kolaborasyon: Pou konsève yon dyalòg louvri atravè pwosesis mizajou yo, pandan n ap asire ke bezwen ak enkyetid kominotè yo trete.

Rekapitilasyon Tablewonn nan

N ap mennen yon kanpay transfòmatif atravè yon enèji fiti ki pwòp, efikas e ki rezistan nan Massachusetts. Dekouvri inisyativ prensipal yo ki soti nan reyinyon Gwoup Konsiltatif Kominotè resan nou yo:

Kolaborasyon ki Santre sou Kominote

Gwoup Konsiltatif Kominotè Eversource Energy yo miltikiltirèl, rezidan miltileng nan Boston yo, ki angaje nan kominote yo, se manm asosyasyon sivik nan katye a, e yo envesti nan yon fiti enèji pwòp.

Genyen yon apèsi nan diskisyon k ap pèmèt nou avanse yo:

Favorize enèji pwòp

Konvèsasyon nou yo pèmèt yon bon konpreyansyon ak itilizasyon enèji pwòp. Nou angaje nou pou ede Massachusetts ak Boston atenn objektif anbisye enèji pwòp ak rediksyon kabòn li yo pandan n ap ajoute nouvo ak mizajou nan enfrastrikti elektrik ki pral nesesè pou relve defi a.

Planifikasyon ki mete kominote a an premye

Nou diskite sou avantaj ki konkrè mizajou rezo elektrik Boston an ap pote. Nou planifye pou chak katye yo e n ap travay ansanm ak kominote yo pou nou satisfè demann enèjetik vil la ki pa sispann ogmante amezi ke vil la ap elektrifye ak dekabonize, ak pou kreye yon enèji alavni ki pi rezistan, efikas ak dirab pou kliyan nou yo nan yon fason ki ekitab.

Priz desizyon ki enklizif

Youn nan tèm santral reyinyon nou yo se enpòtans angajman ak enklizyon nan priz desizyon yo. N ap kolabore ak kominote a pandan n ap solisite kontribisyon yo nan yon fason ki pwo-aktif pou atenn rezilta mityèl ki pozitif.

Ide pou yon kominote k ap pwospere

Reyinyon nou yo kouvri yon ansanm ide pou avantaj kominotè yo ak yon rekonesans ke avantaj yo dwe adapte ak chak katye yo. Nou pral travay an patenarya ak rezidan yo pou bay avantaj ki baze sou bezwen kominote yo.

Ide sa yo se pa sèlman panse; yo se semans aksyon yo, ki reflete aspirasyon yon kominote. Konekte ak nou pou trase wout la ale jwenn yon avni ki adopte enèji pwòp, ki priyorize avantaj pou kominote yo epi ki favorize yon kominote ki enklizif, angaje e eklere.

Dokiman Reyinyon yo

Si w p ap patisipe dirèkteman nan yon gwoup konsiltatif kominotè, ou ka toujou konsilte tout dokiman yo.

Ou gen kesyon?

Youn nan bagay enpòtan ki rantre nan kad travay nou nan kominote w la sèke nou toujou vle kenbe liy kominikasyon an lib.

Pou jwenn plis enfòmasyon konsènan pwojè sa a, tanpri rele niewo gratis enfòmasyon sou pwojè a nan 1-833-836-0302 oswa voye yon imèl nan ProjectInfoMA@eversource.com.